Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 15:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Men, chak moun va leve sòti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve sòti vivan lè Kris la va tounen ankò.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Men rezirèksyon an ap fèt nan yon lòd byen presi: Kris la an premye. Apre sa, sila yo ki se moun Kris la lè Kris retounen.

参见章节 复制




1 Korent 15:23
15 交叉引用  

Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.


“Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.


“Anverite, Mwen di nou, gen nan nou ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jiskaske yo wè Fis a Lòm nan k ap vini nan wayòm Li an.”


Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”


Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo.


nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje.


Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.


Alò, Bondye non sèlman leve Senyè a, men va osi leve nou selon pouvwa Li.


Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la nou menm osi, nou nan Li.


Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.


Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.


pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a.


Paske kilès ki esperans nou, oubyen lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan moman retou Li a.


e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo. A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li—


跟着我们:

广告


广告