Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 14:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Sila ki pale an lang lan, edifye tèt li, men sila ki pwofetize a edifye legliz la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Moun k'ap pale langay, se konfyans pa l ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Moun k ap pale lang enkoni edifye pwòp tèt li. Moun k ap pwofetize edifye legliz la an antye.

参见章节 复制




1 Korent 14:4
12 交叉引用  

Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf;


Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.


epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo.


Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo.


Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone.


Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.


Alò, nou menm osi, paske nou gen zèl pou don Lespri yo, toujou chèche ranpli ak yo pou edifikasyon legliz la.


Kidonk, lang yo se pou yon sign, pa pou sila ki kwè yo, men pou enkwayan yo; men pwofetize se yon sign, pa pou enkwayan yo, men pou sila ki kwè yo.


Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.


Men yon moun ki pwofetize pale ak moun pou fè yo konprann plis, pou egzòte yo, e pou konsole yo.


Alò, mwen ta kontan si nou tout te pale an lang men menm plis, ke nou tout ta pwofetize. Paske pi gran an se sila ki pwofetize a, pase sila ki pale an lang lan, amwenske li entèprete, pou legliz la kapab vin edifye.


跟着我们:

广告


广告