Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 14:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Pou fini, kisa m vle di menm, frè m yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l chante, yon lòt va gen kichòy pou l moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l bay, yon lòt ankò va gen yon mesay an langay, yon lòt menm va bay esplikasyon mesay la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Alò, kisa nou dwe fè, frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm? Yon moun ka gen yon chan, yon lòt ka gen yon ansèyman, yon lòt ka gen yon nouvo verite ki soti nan Bondye. Youn ka pale an lang, yon lòt ka entèprete. Men se pou tout bagay fèt nan bi pou nou bati youn lòt.

参见章节 复制




1 Korent 14:26
18 交叉引用  

Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t realize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo.


si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi,


Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.


Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans.


Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans la osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans la osi.


Paske sila ki pale an lang yo pa pale ak moun, men ak Bondye; paske pèsòn pa konprann, men nan lespri li, li pale mistè yo.


Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dweentèprete.


Men tout bagay dwe fèt byen pwòp ak nan lòd.


Èske ou kwè ke n ap sèlman fè eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou fè tout sa pou edifikasyon nou, byeneme yo.


Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.


pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la,


Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.


Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.


Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a.


Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.


跟着我们:

广告


广告