Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 14:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Sekrè a kè li vin devwale, e konsa li va tonbe sou fas li pou adore Bondye e deklare ke Bondye an verite pami nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Tout lide li te gen kache nan kè l ap parèt deyò. Lè sa a, l'a bese tèt li, l'a adore Bondye, l'a di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Bagay ki kache nan fon kè yo ap vin parèt aklè. Lè sa y ap mete ajenou, y ap bese tèt yo epi y ap adore Bondye. Lè sa a yo va di: “Vrèman vre, prezans Bondye pami nou.”

参见章节 复制




1 Korent 14:25
15 交叉引用  

Lè Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e yo te tonbe atè devan li.


Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.


Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo, mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou. Yo va pou ou. Yo va mache dèyè w. Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou; yo va fè siplikasyon a ou menm. ‘Anverite Bondye pami nou; e pa gen lòt. Nanpwen lòt Bondye’”


Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.


Wa a te reponn Daniel. Li te di: “Anverite, Bondye ou a se yon Dye a tout dye yo, yon Senyè a wa yo, e youn ki devwale mistè yo; paske ou te vin gen kapasite pou revele mistè sila a.”


Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman an sila ki Jwif la, e va di: ‘Na p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’


Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.


Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!”


Lè l wè Jésus, li te kriye fò e te tonbe devan Li. Li te di ak yon gwo vwa: “Kisa m gen avè ou Jésus, Fis a Pi Wo Bondye a? Mwen sipliye ou, pa toumante mwen.”


Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt.


Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.


“Mwen te tonbe ba devan SENYÈ a, yon fwa ankò. Pandan karant jou ak karant nwit mwen pa t manje pen ni bwè dlo akoz tout peche ke nou te fè nan fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, pou pwovoke Li a lakòlè.


Konsa, venn-kat ansyen yo ak kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”


Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo.


Samuel te reponn Saül e te di: “Se mwen menm ki divinò a. Monte devan mwen nan wo plas la, paske w ap manje avè m jodi a. Epi nan demen, mwen va kite ou ale e mwen va fè ou konnen tout sa ki nan lespri ou.


跟着我们:

广告


广告