1 Korent 14:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen16 Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a? 参见章节1998 Haïtienne16 Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langay, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn “amèn” lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a? 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil16 Ou gen dwa ap louwe Bondye byen fon nan lespri ou, men si moun ki kote w la pa konprann sa w ap di, li p ap janm di “Amèn.” 参见章节 |
Anplis, mwen te souke pati devan vètman mwen epi te di; “Se konsa ke Bondye ta souke retire sou chak moun oswa se lakay li, oswa byen pa li, sila ki pa akonpli pwomès sa a; menm konsa pou l ta souke vide.” Epi tout asanble a te di: “Amen!” Epi yo te fè lwanj a SENYÈ a. Konsa, pèp la te fè selon sa yo te pwomèt yo.