Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 13:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Lanmou aksepte tout bagay ak pasyans. Lanmou pa janm pèdi konfyans, li pa janm pèdi espwa. Lanmou pa janm abandone.

参见章节 复制




1 Korent 13:7
29 交叉引用  

Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li.


Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.


Enstwi mwen pou m sèvi bon jijman ak konesans, Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.


Rayisman pwovoke konfli; men lanmou kouvri tout fot.


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.


Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”


Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi.


Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja?


Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan.


Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis? Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.


Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.


“Mwen te pale avèk nounan tan sa a pou te di nou, ‘Mwen sèl p ap kapab pote fado nou pou kont mwen.


Lè li te twouve li nan chan an, fi fiyanse a te kriye fò, men li pa t gen pèsòn la pou sove l.


Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.


Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis,


pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m!


Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.


Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.


Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.


跟着我们:

广告


广告