Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 12:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l geri moun malad.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Menm Sentespri a bay yon moun don lafwa. Li bay yon lòt moun plizyè don pou geri anpil kalite maladi.

参见章节 复制




1 Korent 12:9
21 交叉引用  

Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.


Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt.


yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”


Yo t ap chase anpil move lespri, yo t ap onksyone malad yo avèk lwil, e t ap geri yo.


Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.


Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.


sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.


Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.


Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo.


Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non!


Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.


Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale;


Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a.


ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo.


跟着我们:

广告


广告