1 Korent 11:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman. 参见章节1998 Haïtienne22 Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n manje, pou n bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, eske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa! 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil22 Si se konsa, pouki nou pa ret manje oswa bwè lakay nou? Se respè nou pa gen kon sa pou legliz Bondye a? Nou ap imilye moun ki manke mwayen yo. Ki sa nou ta vle m di nou? Nou ta vle pou m felisite nou? Non! Mwen pa ka felisite nou sou pwen sa a. 参见章节 |