Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 10:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Men Kòman mwen reponn kesyon sa a, kit w ap manje kit w ap bwè, kèlkeswa sa w ap fè a, fè l pou glwa Bondye.

参见章节 复制




1 Korent 10:31
11 交叉引用  

Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo, va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.


Men bay sa ki anndan an kòm charite, e konsa tout bagay ap pwòp pou nou.


Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi.


“Epi nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo ak Levit ki anndan pòtay nou yo, akoz ke li pa gen pati ni eritaj pami nou.


Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann.


La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.


Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.


Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm.


Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.


跟着我们:

广告


广告