Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 1:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Pou moun k'ap anfouraye tèt yo, pawòl lakwa a, se pawòl moun fou. Men pou nou menm ki sove deja yo, se pawòl pisans Bondye li ye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Mesaj lakwa a sanble ak pawòl moun fou pou sila yo k ap viv san Bondye. Poutan, mesaj la se puisans Bondye sèvi pou sove nou.

参见章节 复制




1 Korent 1:18
21 交叉引用  

‘Gade byen mokè yo; Vin etone, e peri! Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo, yon zèv ke nou p ap janm kwè, menmsi yon moun ta eksplike nou li.’”


Anplis, kèk nan filosòf Epikiryen ak Stoyik yo t ap diskite avè l. Kèk t ap di: “Kisa mesye ki renmen pale anpil sa a ta vle di?” Lòt yo t ap di: “Li sanble ke l ap pwoklame kèk lòt kalite dye etranje” —akoz ke li t ap preche Jésus ak rezirèksyon an.


Alò, lè yo te tande de rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”.


Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo. Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.


Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou.


Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo.


Pa li menm osi nou ap sove, si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.


Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.


Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a.


Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.”


Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè.


paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo.


Men si levanjil nou an vwale, li vwale pou sila k ap peri yo.


Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.


epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.


ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.


Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.


跟着我们:

广告


广告