Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 7:4 - 1998 Haïtienne

4 Moun ki ta pi bon nan mitan yo a, se ponya wouye. Sa ki ta yon ti jan pi serye a, li boule pase lèt kandelab, li koupe pase zèb razwa. Jou pou Bondye pini pèp li a pral rive, jan l te voye yo avèti l la. Lè sa a, pèp la p'ap konnen ni sa pou l di ni sa pou l fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pi bon nan yo se pikan. Pi dwat la pi mal pase kloti zepin. Jou gadyen ou, jou vizitasyon ou an fin rive. Koulye a y ap boulvèse, egare nèt.

参见章节 复制




Miche 7:4
16 交叉引用  

Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè sòti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n aval kache tout richès nou yo?


Jounen jòdi a, se yon jou debandad, se jou yo pèdi batay la, se jou pèsonn pa konn sa pou yo fè. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki fè sa rive nou. Nan Fon Vizyon an, y'ap kraze miray lavil yo met atè. Nan tout mòn yo, y'ap rele mande sekou.


Pye pichpen va pouse kote ki te plen pikan. Pye ilan-ilan va pouse kote ki te plen chadwon. Sa va sèvi yon lwanj pou Senyè a, yon remak k'ap la pou tout tan, yon siy pèsonn p'ap ka detwi.


Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Senyè a ap vin regle ak yo.


Lè lè a va rive pou yo peye pou sa yo fè a, m'ap voye yon sèl malè sou moun lavil Anatòt yo. Yo yonn p'ap chape.


Peyi Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li. Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje. Yo menm tou yo pa kanpe goumen. Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò, lè jou malè yo rive sou yo, lè jou chatiman yo a tonbe sou yo.


Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Senyè a ki di sa.


Men ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y'ap di. Y'ap tizonnen ou, y'ap pase ou nan betiz. W'ap tankou yon moun k'ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y'ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di.


Senyè a di ankò: — Pèp Izrayèl la ap viv nan mitan yon bann nasyon ki pa vle wè l. Yo tankou pikan raje k'ap grafinyen l, men yo pral sispann ginyonnen l. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Senyè a, sèl Mèt la.


Senyè a mande m: — Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn: — Yon panyen fwi mi. Lè sa a, Senyè a di m konsa: — Izrayèl, pèp mwen an, mi tou. Li rive sou dènye jou l yo. Mwen p'ap chanje lide pou m fè pa l ankò.


Yo tankou yon gwo raje pikan. Atout yo vèt la, yo pral boule nèt tankou yon pil zèb chèch.


— Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo.


Men, si li pouse pikan ak pengwen, li pa vo anyen. Bondye riske ba l madichon. Lè sa a, yo ka boule li.


跟着我们:

广告


广告