Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 7:2 - 1998 Haïtienne

2 Pa rete moun serye ankò nan peyi a. Pa gen pesonn k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Moun fidèl fin disparèt sou latè a, e nanpwen moun dwat pami lòm. Yo tout kouche an anbiskad pou vèse san; yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.

参见章节 复制




Miche 7:2
29 交叉引用  

Li anbiske kò l tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale.


(2) Vin sove nou non, Senyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!


(3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.


(7) Lènmi m yo tann yon pèlen sou wout kote pou m pase a. Kè m sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li.


Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.


Pawòl ki soti nan bouch mechan, se koze ki make san. Men pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se delivrans pou moun ki nan danje.


Tout moun pral chache pwofite yonn sou lòt, zanmi sou zanmi, vwazen sou vwazen. Jennmoun p'ap respekte granmoun. Vakabon ap pase moun debyen nan betiz.


Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pèsonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pèsonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt.


Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo.


Senyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pèsonn pa ka sove pèsonn.


Senyè a di ankò: — Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch.


Sòlda k'ap tire flèch yo se vanyan gason yo ye, y'ap touye moun san gad dèyè.


Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwazo. Yo mete pèlen pou pran moun.


M pare zòrèy mwen pou m tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki sòti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.


Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gendwa sòti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.


Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.


Men sa Senyè sèl Mèt la di apre sa: — Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chòdyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l.


Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije kounyeya. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. Nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.


Prèt yo menm, se tankou yon bann ansasen k'ap veye moun sou granchemen. Sou tout wout ki mennen lavil Sichèm, se touye y'ap touye moun. Yo konnen byen pwòp tou sa y'ap fè a mal. Atousa yo fè l.


Senyè a reponn: nou leve dèyè pèp mwen an tankou si nou se lènmi yo. Moun ap mache kèpòpòz san okenn lide chache moun kont. Men nou la, n'ap tann konsa pou nou vòlò ata rad sou po kò yo.


Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm.


Men se nou menm ankò ki deteste (rayi) sa ki byen. Nou damou pou sa ki mal (Nou renmen sa ki mal). N'ap kòche pèp mwen an tou vivan, n'ap filange li jouk nan zo.


(Senyè a di: Mwen p'ap gen pitye pou moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm ki pral lage yo nan men pwòp chèf yo ak pwòp wa yo ankò. Chèf yo pral fini ak peyi a. Mwen p'ap fè anyen pou m wete yo anba men yo.)


Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre.


Gade, papa mwen! Men yon moso ke rad ou nan men m! Mwen koupe moso ke rad ou, men mwen pat touye ou. Kounyeya ou konnen, ou wè mwen pa gen anyen dèyè tèt mwen, mwen pa gen okenn lide mechanste nan tèt mwen. Mwen pa fè ou anyen ki mal. Se ou menm k'ap chache touye m.


Pa kite yo touye m nan peyi etranje byen lwen Senyè a! Poukisa pou wa Izrayèl la leve tout lame a pou l chache touye yon ti pis tankou m? Poukisa pou l ap kouri dèyè m nan tout mòn yo tankou lè moun ap fè lachas ranmye!


跟着我们:

广告


广告