Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 5:3 - 1998 Haïtienne

3 Se konsa, Senyè a ap lage pèp li a nan men lènmi li yo jouk lè fi ki pou fè pitit la va gen yon pitit gason. Lè sa a, rès pèp Izrayèl yo te depòte a va tounen pou mete tèt ansanm ak pèp la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Akoz sa, Li va abandone yo jiskaske sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la. Nan lè sa a, retay nan frè li yo va retounen vin jwenn fis Israël yo.

参见章节 复制




Miche 5:3
31 交叉引用  

Senyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou.


Piga nou fè tankou zansèt nou yo ak lòt frè parèy nou yo ki pat kenbe pawòl yo ak Senyè a, Bondye yo a. Nou wè jan li te kite yo fini.


(4) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.


Jou sa a, Senyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letyopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.


Senyè a di m konsa: Wi, sèvitè m lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!


Senyè a di ankò: — Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.


Senyè a di ankò: — Lè sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la. Yo tout y'ap vin pèp pa mwen.


M'ap chache sa ki pèdi yo. Sa ki gaye kite bann yo, m'ap fè yo tounen pran plas yo. M'ap panse sa ki blese yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton mwen yo jan mwen dwe swen yo a.


Nou menm, moun Efrayim, kouman nou ta vle pou m'ta lage nou an? Wi Efrayim, moun Izrayèl, kouman nou ta vle pou m'ta detwi nou tankou m' te fè lavil Adma a? Kouman nou ta vle pou m'ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.


Se poutèt sa, mwen pral mennen l nan dezè a ankò. Mwen pral pale dous avè l, pou l ka tounen vin jwenn mwen.


Se poutèt sa, lè sezon rekòt la rive, m'ap reprann farin ak diven mwen te ba li a. M'ap reprann twal lenn ak twal fen mwen te ba li pou fè rad met sou li.


Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Senyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.


Tout moun va viv ak kè poze anba tonnèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pèsonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki sòti nan bouch Senyè a!


Avèk sa ki t'ap bwete yo, m'a mete peyi a kanpe ankò. M'a fè moun yo te depòte yo tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Senyè a, m'a gouvènen yo sou tèt mòn Siyon an, depi jou sa a jouk sa kaba.


Lè sa a, rès moun ki vivan toujou nan pèp la va tankou lawouze Bondye voye. Y'a viv nan mitan lòt nasyon yo. Y'a tankou lapli k'ap tonbe sou jaden k'ap pouse, paske yo pa mete espwa yo nan moun men nan Bondye.


Rès moun pèp Izrayèl yo va viv nan mitan lòt nasyon yo, nan mitan anpil lòt nasyon. Y'a tankou yon lyon nan mitan bèt bwa osinon yon jenn ti lyon nan mitan bann mouton. Y'ap pase nan mitan lòt nasyon yo. Y'ap kraze yo anba pye, y'ap dechire yo. Pesonn p'ap ka fè anyen pou yo.


N'ap manje, men vant nou p'ap janm plen, n'ap grangou toujou. Lè nou konprann se sere n'ap sere pou pita, sa p'ap sèvi nou anyen. Avèk lagè m'ap voye sou nou an, n'ap pèdi tou sa nou te sere a.


Men, tè a ap tounen dezè akòz mechanste moun k'ap viv sou li yo.


Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m fè m mal pou yo. Se va tankou si m pat janm lage yo. Se Senyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m.


Li pral fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo.


Tout moun ki fè sa Papa m ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman m.


Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.


Paske, moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè.


跟着我们:

广告


广告