Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 4:4 - 1998 Haïtienne

4 Tout moun va viv ak kè poze anba tonnèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pèsonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki sòti nan bouch Senyè a!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men yo va fè chak moun chita anba chan rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo. Pèsòn p ap fè yo pè: paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.

参见章节 复制




Miche 4:4
25 交叉引用  

Pandan tout reny Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo.


Senyè a te fè David, papa m, pwomès sa a: Se pitit gason ou m'ap mete wa nan plas ou a k'ap bati yon kay pou mwen. Enben, kounyeya, mwen fè lide bati yon kay pou Senyè a, Bondye mwen an.


Lè w'ap dòmi, pèsonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.


Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. P'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.


Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.


Men, si nou derefize koute m, si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n mouri nan lagè. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa ak bouch mwen.


Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pèsonn pa chase yo met deyò.


Lè sa a, men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a di: Zegwi yo te fè antre byen fon nan poto a pral rache. L'ap sòti, l'ap tonbe atè, epi tout chay ki sou li a pral tonbe tou. Se Senyè a ki di sa.


Senyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.


Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan.


Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l, pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout n'a manje rezen nan jaden rezen nou, n'a manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a bwè dlo nan pi nou.


Senyè a pral fè wè pouvwa li a! Tout moun pral wè l menm lè a. Se Senyè a menm ki di sa ak bouch li.


Ou pral kanpe fèm paske tout moun ap mache dwat lakay ou. Pa fè mechanste. Ou pa bezwen pè pèsonn. Ou pa bezwen gen kè sote. Anyen p'ap rive ou.


lè sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa!


M'a mete lòt chèf ki va okipe yo. Pèp mwen an p'ap pè anyen ankò, yo p'ap viv ak kè sote ankò. Yonn ladan yo p'ap pèdi. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Nou pa bezwen pè, nou mim pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pèsonn pa chache nou kont ankò.


M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.


Moun lòt nasyon p'ap piye yo ankò. Bèt nan bwa p'ap devore yo ankò nan peyi a. Yo pral rete lakay yo san danje. Pèsonn p'ap vin chache yo kont.


Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè.


Lè y'a vin rete ankò nan peyi yo a san okenn danje ni malè, san pèsonn pou fè yo pè, y'a bliye jan moun te konn fè yo wont, jan yo pat kenbe pawòl yo avè m pou y'al fè sa ki mal.


M'a mete kè poze nan peyi a, n'a kouche dòmi san kè sote. M'ap fè tout bèt mawon disparèt nan peyi a, moun p'ap vin fè nou lagè ankò.


Se konsa, Senyè a ap lage pèp li a nan men lènmi li yo jouk lè fi ki pou fè pitit la va gen yon pitit gason. Lè sa a, rès pèp Izrayèl yo te depòte a va tounen pou mete tèt ansanm ak pèp la.


Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.


Jou sa a, yonn pral envite lòt vin lakay nou anba pye rezen ak pye fig frans nou yo. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.


跟着我们:

广告


广告