Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 4:1 - 1998 Haïtienne

1 Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti pil sou pil toupatou sou latè vin sou li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo. Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo va kouri kon dlo pou rive kote l.

参见章节 复制




Miche 4:1
53 交叉引用  

Jakòb fè rele pitit gason l yo, li di yo: — Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.


Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap sòti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.


Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.


(28) Tout nasyon va chonje sa Senyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.


(2) Senyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.


Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,


Wi, jou sa a, y'a kònen gwo twonpèt la. Tout moun ki t'ap deperi nan peyi Lasiri, tout moun yo te depòte nan peyi Lejip yo pral tounen lakay yo. Y'ap vin adore Senyè a sou mòn ki apa pou li a, nan lavil Jerizalèm.


M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m yo tounen sòti byen lwen. Kite pitit fi m yo tounen sòti toupatou sou latè.


Senyè a di m konsa: Wi, sèvitè m lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!


Laji kote w'ap moute tant ou pou ou viv la! Louvri twal tant ou yo. Ou pa bezwen jennen. Lonje kòd ou yo, ranfòse pikèt ou yo!


m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m.


Senyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va sòti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: — Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.


— Sou reny Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesay sa a: Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.


Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fòtèy Senyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Senyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an.


Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Senyè a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen.


Men nan jou k'ap vin apre yo, m'ap mete peyi Mowab la kanpe ankò. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Se tou sa ki pral rive moun Mowab yo.


Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an.


Nan yon vizyon, mwen wè li mennen m nan peyi Izrayèl la. Li mete m kanpe sou yon mòn byen wo. Mwen wè devan m sou bò sid la yon bann kay bati ou ta di yon lavil.


Tout zòn ki bò Tanp lan sou tèt mòn lan, se yon kote apa nèt pou mwen. Men lòd mwen bay sou Tanp lan.


Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.


Men, gen yon Bondye nan syèl la ki devwale tout sekrè ki kache. Se li k'ap fè ou konnen sa ki gen pou rive pita. Men rèv ou te fè a, men vizyon ou te wè pandan ou t'ap dòmi an.


Lamenm, fè, tè krich, kwiv, ajan, lò tonbe atè, yo tounen pousyè tankou pousyè sou glasi nan sezon chalè. Yon van soufle, li pote yo ale, li pa kite yon ti remak. Men, wòch ki te frape estati a pran grandi, li grandi, li grandi jouk li tounen yon gwo mòn ki kouvri tout latè.


Nan reny dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.


Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.


Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l pou tout tan tout tan.


Lè sa a, granmoun ki te la depi nan konmansman an parèt. Li rann jijman an favè moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Jou a te rive pou pèp Bondye a te resevwa pouvwa a nan men yo.


Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.


Apre sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Senyè a, Bondyè yo a, va fè yo chache l, y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Senyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l.


Se konsa, n'ap làkòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.


Tout peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L'ap sòti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a.


Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Senyè a pou yo sèvi l. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Senyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m kote nou.


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: M'ap tounen sou mòn Siyon an. Mwen pral rete nan mitan lavil Jerizalèm. Y'a rele Jerizalèm Lavil kote moun kenbe pye Bondye yo fèm. Y'a rele mòn Senyè ki gen tout pouvwa a Mòn ki apa pou Senyè a.


Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri bon bagay pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.


Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.


Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.


Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt k apral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen.


Apre sa, setyèm zanj lan kònen klewon l lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan syèl la. Yo t'ap di: — Pouvwa pou gouvènen sou latè a, kounyeya se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan.


Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.


Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l la. Yo pat resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve sòti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an.


跟着我们:

广告


广告