Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 3:4 - 1998 Haïtienne

4 Men, yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Senyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a, men Li p ap reponn yo. Olye de sa, nan lè sa a, Li va kache figi li a yo menm, akoz yo te pratike zak ki mechan.”

参见章节 复制




Miche 3:4
26 交叉引用  

Lè malè ap tonbe sou mechan an, eske Bondye ap tande rèl li yo?


Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè.


(42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Senyè a, men li pa reponn yo.


le sa a, n'a rele m, mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.


Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi.


Lè n'ap leve bra anlè pou lapriyè nan pye mwen, m'ap bouche je mwen pou mwen pa wè nou. Nou mèt lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou kras. Paske tout men nou se san.


Men, podyab mechan yo, ala va traka! Anyen p'ap regle pou yo. Y'a rekòlte sa yo te plante.


Enben! Se mwen menm Senyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l. Y'a kriye nan pye m, mwen p'ap koute yo.


Yo te mèt boule bèt pou mwen ak rekòt jaden yo, sa p'ap ka fè mwen kontan ak yo. Okontrè mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.


Gen moun ki sòti pou kenbe tèt ak moun Babilòn yo. Moun sa yo lakòz kay yo pral plen kadav moun mwen pral touye tèlman mwen fache, tèlman mwen move. Mwen p'ap okipe lavil Jerizalèm ankò paske moun li yo fè twòp mechanste.


Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?


Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.


Moun k'ap fè prediksyon yo pral wont. Divinò yo p'ap konnen sa pou yo di. Yo pral rete men nan bouch, paske Bondye p'ap reponn yo.


Men, tè a ap tounen dezè akòz mechanste moun k'ap viv sou li yo.


Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pat koute l lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pat reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l.


Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m: Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak.


Mèt kay la gen pou l leve fèmen pòt la. Lè sa a, nou menm n'a deyò. N'a konmanse frape nan pòt la. N'a di: Mèt, Mèt, louvri pou nou! L'a reponn nou: Mwen pa konnen ki bò nou sòti.


Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l, yon moun ki fè volonte l k'ap pale avè li.


Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va sòti tèt dwat lè jou jijman an.


Jou sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n ava chwazi a. Men lè sa a, Senyè a p'ap okipe nou.


跟着我们:

广告


广告