Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 3:2 - 1998 Haïtienne

2 Men se nou menm ankò ki deteste (rayi) sa ki byen. Nou damou pou sa ki mal (Nou renmen sa ki mal). N'ap kòche pèp mwen an tou vivan, n'ap filange li jouk nan zo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nou menm ki rayi sa ki bon, e ki renmen sa ki mal; ki chire po yo sou kò yo, ak chè yo soti sou zo yo;

参见章节 复制




Miche 3:2
32 交叉引用  

Lè Akab wè Eli, li di l konsa: — Enben, lènmi mwen, ou jwenn mwen jòdi a! Eli reponn, li di l: — Wè! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fè devan Senyè a.


Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l konsa: — Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Senyè a? Se poutèt sa, Senyè a fache sou ou anpil.


Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Senyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l chè.


(5) Bondye di: — Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen.


Moun ki pa respekte lalwa bay mechan pye sou moun. Men moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan.


Ki moun ki ban nou dwa kraze pèp mwen an konsa? Ki moun ki ban nou dwa pilonnen diyite pi piti yo? Se mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a k'ap mande nou rann mwen kont.


Madichon pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k'ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa, pou moun k'ap di bagay anmè dous, bagay dous anmè!


M'ap denonse tou sa n'ap plede fè pou sove tèt nou. Nou kwè l'ap bon pou nou, men sa p'ap sèvi nou anyen.


Konsa, men sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, m'ap di nou: Wi, lavil la tankou yon chòdyè. Men kisa ki vyann lan? Se kadav moun nou touye yo! Nou menm menm m'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la.


Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.


Mete vyann ladan l, pi bon moso vyann ou konnen: jigo ak zepòl. Mete bon moso zo ladan l tou.


Nou tire mouton yo bwè lèt yo, nou taye lenn sou do yo fè rad mete sou nou, nou touye pi gra yo manje. Men nou pa janm swen twoupo yo.


Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè.


Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Senyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.


Senyè a reponn: nou leve dèyè pèp mwen an tankou si nou se lènmi yo. Moun ap mache kèpòpòz san okenn lide chache moun kont. Men nou la, n'ap tann konsa pou nou vòlò ata rad sou po kò yo.


Pa rete moun serye ankò nan peyi a. Pa gen pesonn k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.


Yo tout, yo pase mèt nan fè mal ak men yo. Miche / 4 Chèf yo ap fè egzijans. Jij yo ap mande grese pat yo pou regle zafè pou moun. Sèl pawòl grannèg yo konnen, se peze prije piti yo. Se konsa yo fè yon sèl bann ansanm.


Nan lavil la, chèf yo tankou lyon ki grangou. Jij yo tankou chen mawon ki sòti apre solèy kouche. Yo sitèlman akrèk, yo pa kite yon ti zo pou denmen maten.


Men, pwòp moun peyi l yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou.


Lè sa a, yo tout pran rele: — Non, nou pa vle li. Se Barabas pou lage ban nou! Barabas sa a, se te yon ansasen granchemen.


Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m paske mwen di sa y'ap fè a pa bon.


Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.


Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.


Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm.


跟着我们:

广告


广告