Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 3:1 - 1998 Haïtienne

1 M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Eske se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, mwen te di: “Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila k ap gouvène lakay Israël yo. Èske nou pa dwe konnen lajistis?

参见章节 复制




Miche 3:1
21 交叉引用  

Mwen rale zòrèy chèf peyi Jida yo, mwen di yo: — Ki kalite bagay lèd n'ap fè la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non!


Senyè a di: — Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!


Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Senyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.


Se konsa, yo enpoze pòv malere yo defann dwa yo. Yo fè jijman ki pou ta nan avantaj pèp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pèdi mari yo, y'ap vòlò byen timoun ki san papa yo!


Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun.


— Ras Adan! Bay mesaj sa a sou tout chèf reskonsab pèp Izrayèl la. Di yo men mesaj Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.


Nou tire mouton yo bwè lèt yo, nou taye lenn sou do yo fè rad mete sou nou, nou touye pi gra yo manje. Men nou pa janm swen twoupo yo.


Li reponn mwen: — Moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo fè anpil wi! Se san k'ap koule toupatou nan peyi a. Lavil Jerizalèm plen moun k'ap fè lenjistis. Y'ap plede di mwen menm, Senyè a, mwen vire do bay peyi a, mwen pa wè yo.


Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije kounyeya. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. Nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.


Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè.


Sa pral rèd nèt pou moun k'ap mennen lavi dous nan peyi Siyon an, pou moun sou mòn Samari ki kwè pa gen danje pou yo! Yo pase pou lelit nan peyi Izrayèl, premye peyi sou latè. Se bò kote yo pèp la ap kouri vini. Yo di:


Bondye ap pran devan, l'ap louvri yon chemen pou yo. Yo menm, y'a kraze pòtay yo, y'a pase lib sòti deyò. Wa yo a va mache devan yo. Wi, se Senyè a ki va mache alatèt yo.


Mwen wont pou nou. Konsa, genlè pa gen pèsonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt,


N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Senyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri.


跟着我们:

广告


广告