Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 2:9 - 1998 Haïtienne

9 Medam yo t'ap viv ak kè kontan lakay yo. Nou vini, nou mete yo deyò. Timoun yo t'ap jwi benediksyon mwen ba yo. Nou vini, nou wete tou sa nèt nan men yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Fanm a pèp Mwen yo, nou chase yo deyò pou soti kite bèl ti kay yo. Nan men jèn pitit yo, nou rache retire tout benediksyon Mwen, jis pou tout tan.

参见章节 复制




Miche 2:9
14 交叉引用  

Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!


Yo ravaje tout tant nou yo. Yo koupe tout kòd ki te kenbe yo. Nou pèdi tout pitit nou yo, yo pote yo ale. Pa gen pèsonn pou mete tant nou yo kanpe ankò, pèsonn pou moute rido nou yo.


Senyè a di ankò: — M'ap fè nasyon yo wè gwo pouvwa mwen. M'ap moutre yo jan mwen konn pini lè m'a pini yo, y'a santi fòs ponyèt mwen lè y'a tonbe anba men m.


Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n'al vann yo bay moun peyi Lagrès.


Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou.


Yo anvi yon jaden, yo pran l. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo.


Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.


Senyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.


— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pèsonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre. [


Se piye y'ap piye malerèz yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Kondannasyon yo pral pi rèd.


Se piye y'ap piye pòv vèv yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Chatiman moun sa yo pral pi rèd.


Nou tout, nou pa kouvri figi nou. Nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Senyè a. Sa se travay Senyè a. Lespri Bondye.


Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.


Kounyeya, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Senyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Senyè a tonbe sou yo! Kounyeya, yo mete m deyò nan peyi a pou m pèdi pòsyon pa m nan tè Senyè a te bay pèp li a, yo voye m al sèvi lòt bondye.


跟着我们:

广告


广告