Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 2:4 - 1998 Haïtienne

4 Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di: Nou pèdi tou sa nou te genyen. Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou. Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl; mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris. Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt! Li divize eritaj a pèp mwen an. A la retire, Li retire l nan men mwen! Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”

参见章节 复制




Miche 2:4
35 交叉引用  

David pran chante pou plenn lanmò Sayil ak Jonatan, pitit Sayil la.


Pwofèt Jeremi te fè yon chante pou plenn sò wa Jozyas. Depi lè sa a, se yon koutim nan peyi Izrayèl: chak fwa fi yo ak gason yo ap chante nan yon lanmò, yo chonje Jozyas. Yo mete tout chante lanmò sa yo ansanm nan yon liv.


Jòb pran lapawòl ankò pou l bay rès repons li a. Li di konsa:


Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non!


Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Senyè a fin pale, se sa ki pou rive.


Lè sa a, mwen di: — Senyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: — Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.


Lè m sòti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè.


Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nyaj nan syèl la. Cha lagè yo tankou yon van siklòn. Chwal yo pi rapid pase malfini. Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou!


Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.


Mwen di: — Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pèsonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwazo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y ale.


Mwen pral gaye yo nan mitan yon bann nasyon ni yo menm ni zansèt yo pat janm konnen. Mwen pral voye lènmi fè yo lagè jouk mwen fin touye yo nèt.


Senyè a di ankò: Kounyeya moun ki renmen fè pwovèb yo pral bay yonn sou do lavil Jerizalèm. Yo pral di: Joumou pa donnen kalbas. Pitit fi a ap sòti tankou manman l.


Li louvri liv la devan je m, mwen wè li te ekri sou tou de bò l yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil.


Nou nenm prèt yo, mete rad lapenn sou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, Mare ren nou. Ale nan Tanp lan, pase nwit lan ak rad lapenn lan sou nou. Nou menm k'ap sèvi Bondye mwen an Nou nan lapenn. Pa gen danre, nanpwen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an.


Nou menm pèp la, nou mèt plenn, Tankou yon jenn fi, rad dèy li sou li K'ap plenn lanmòfiyanse li.


Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou:


Nan tout jaden moun ap plenn. Tou sa, paske m'ap vin pini nou. Se Senyè a menm ki di sa.


Kanta pou nou menm, moun lavil Marecha, mwen menm Senyè a, m'ap fè lènmi pran lavil la nan men nou. Grannèg nan peyi Izrayèl yo pral kache nan twou wòch Adoulam lan.


Lèfini, Miche di: Se poutèt sa, m'ap plenn, m'ap kriye. M'ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou mwen fè wè lapenn mwen. M'ap rele tankou grankola. M'ap wouke tankou chen.


Leve non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l nèt.


Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li!


Senyè a di konsa: — Mwen pral detwi dènye bagay sou latè.


Epi Balaram pran chante chante sa a: — Souke kò ou, Balak! Vin tande! Pare zòrèy ou, pitit Zipò!


Lèfini, li pran chante chante sa a: — Balak fè m kite peyi m, peyi Aram. Wa Mowab la fè m desann sòti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m: Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo.


Epi Balaram pran chante chante sa a: — Men sa, mwen menm Balaram, pitit Bèyò, m'ap di. Men pawòl k'ap sòti nan bouch moun Bondye te louvri je li a,


Epi li pran chante chante sa a: — Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di: Men pawòl k'ap sòti nan bouch moun Bondye te louvri je a,


Chèf jwif yo t'ap chache mete men sou Jezi paske yo te konprann byen se pou yo li te bay parabòl sa a. Men yo te pè reyaksyon foul la ka fè sou yo. Se pou sa yo kite li al fè wout li.


Gwo midi, n'a tatonnen tankou avèg k'ap mache nan fènwa. Nou p'ap jwenn rannman nan okenn travay n'ap fè. Tout tan moun ap malmennen nou, y'ap vòlè nou, lèfini p'ap gen pèsonn pou pote nou sekou.


跟着我们:

广告


广告