Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 2:2 - 1998 Haïtienne

2 Yo anvi yon jaden, yo pran l. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo, kay yo, e konsa yo pran yo. Yo oprimen yon nonm ak kay li, Yon nonm ak tout eritaj li.

参见章节 复制




Miche 2:2
28 交叉引用  

Apre tout bagay sa yo, men sa ki rive: Nan lavil Jizreyèl, toupre palè wa Akab la, te gen yon jaden rezen ki te pou yon nonm yo te rele Nabòt.


Menm jan ayè, mwen te wè jan nou te touye Nabòt ak pitit gason l yo, se konsa m'a ba ou sa ou merite a nan menm jaden an. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Kounyeya, pran kadav li, jete l nan jaden Nabòt la, jan Senyè a te di l la.


Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè kounyeya tè a ap mande m kont,


Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou okenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.


Men Senyè a rele chèf fanmi yo ak lòt chèf yo nan tribinal. Men sa li di yo: - Se nou menm ki fin piye pèp mwen an. Nou vòlò pòv malere yo pou nou plen kay nou.


Madichon pou moun k'ap bati kay sou kay, pou moun k'ap achte tè pou mete sou sa yo genyen deja! Talè konsa, p'ap gen plas pou lòt moun nan peyi a. Yo vle se yo menm ase ki pou rete nan peyi a.


Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l. Se Senyè a menm ki di sa.


l'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite, l'ap vòlò, li p'ap renmèt garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo, l'ap fè sèvis pou zidòl, l'ap fè vye bagay derespektan,


Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.


Mwen pral frape pye m atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp.


Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap fè yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm frè parèy yo. Epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?


Senyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: — Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di nou sa.


Wa a pa gendwa mete okenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l pou li. Se nan tè ki rele l pa l la pou l pran pou l bay pitit li. Konsa, li p'ap mete pèsonn deyò sou tè yo pou l pran tè a pou li.


Senyè a di m konsa: — Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan Tanp lan pou fè yo, pou yo fè m pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m, yo mete yon ti branch bwa anba nen yo.


Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou.


Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè.


Koute byen sa m'ap di nou la a, nou menm k'ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k'ap fini ak malere yo nan peyi a.


Wi, koute m non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l di sa nou vle.


Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite!


Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — M'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m krentif.


— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pèsonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre. [


Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.


跟着我们:

广告


广告