Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 1:8 - 1998 Haïtienne

8 Lèfini, Miche di: Se poutèt sa, m'ap plenn, m'ap kriye. M'ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou mwen fè wè lapenn mwen. M'ap rele tankou grankola. M'ap wouke tankou chen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò. Mwen oblije ale pye atè ak toutouni. Mwen oblije fè lamantasyon tankou chen mawon, plenyen tankou otrich!

参见章节 复制




Miche 1:8
19 交叉引用  

Wa Ezekyas t'ap mache sou katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa Lasiri, vin atake tout vil ak gwo ranpa peyi Jida yo. Li pran yo.


Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò.


Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize.


(7) Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.


Se la tout bèt nan bwa pral rete. Koukou pral fè nich nan tout kay yo. Se la grangozye pral fè kay. Se la kabrit mawon pral danse kalinda.


Chen mawon pral wouke nan gwo kay yo. Chat mawon pral pran plezi yo nan bèl palè yo. Lè a prèt pou sonnen pou lavil Babilòn, jou l prèt pou bout.


Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a.


Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M'ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen.


Se poutèt sa mwen di: Kite m pou kont mwen pou m ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!


Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon,


Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m ap fè m mal! Kè mwen ap bat byen fò. M pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.


Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!


Mwen di: — Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pèsonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwazo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y ale.


Tande rèl moun yo sou mòn Siyon an. — Woy! Woy! Gade jan nou fini! Ala wont nou wont! Se pou nou kite peyi nou an! Yo kraze tout kay nou yo.


— Ras Adan! Plenn sò tout moun peyi Lejip yo. Voye yo desann ansanm ak tout lòt moun gwo nasyon yo nan peyi kote mò yo ye a, anba tè kote moun ki deja mouri yo ye.


Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di: Nou pèdi tou sa nou te genyen. Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou. Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.


Li wete tout rad sou li, li fè tankou pwofèt yo devan Samyèl. Apre sa, li tonbe atè a toutouni. Li rete tout rès jounen an ak tout lannwit lan atè a konsa. Se depi lè sa a, yo di: Menm Sayil genlè pwofèt tou?


跟着我们:

广告


广告