Miche 1:5 - 1998 Haïtienne5 Tou sa ap rive paske pèp la fè bagay ki mal, paske pitit Jakòb yo fè sa yo pa te dwe fè. Ki moun ki responsab sa pèp Izrayèl la fè a? Se pa Samari, kapital peyi a! Ki moun k'ap fè idolatri nan peyi Jida a? Se pa moun lavil Jerizalèm yo! 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 Tout sa se pou rebelyon a Jacob la ak pou peche Israël la. Se kisa ki rebelyon a Jacob la? Èske se pa Samarie? Se kisa ki wo plas a Juda yo? Èske se pa Jérusalem? 参见章节 |
Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.
Li fè demoli devan je li tout lotèl pou fè sèvis Baal yo. Li fè kraze tout recho kote yo boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze fè miyèt moso moniman Achera ak estati tout lòt zidòl yo epi tout estati bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud. Yo simaye poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo.