Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 1:4 - 1998 Haïtienne

4 Mòn yo ap fonn anba pye l tankou lasi nan dife. Y'ap koule desann nan fon yo tankou lavalas k'ap desann mòn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.

参见章节 复制




Miche 1:4
12 交叉引用  

(7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lèzam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.


(3) Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye.


Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Senyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.


Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, ap annik manyen latè, latè ap pran tranble. Tout moun ki rete sou latè ap nan lapenn. Latè ap moute, l'ap gonfle, epi l'ap bese tankou dlo larivyè Nil.


Gwo mòn yo tranble lè yo wè l. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l ansanm ak tout moun ki rete sou li.


Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe sòti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo.


Lè li kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, kè moun tout nasyon kase. Mòn ki la depi lontan yo vide fè miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan li.


Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki sòti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid.


Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan l, yo disparèt nèt ale.


Senyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te sòti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nyaj yo pran lage dlo.


跟着我们:

广告


广告