Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 1:3 - 1998 Haïtienne

3 Men Senyè a soti lakay li, men l'ap desann, l'ap mache sou tèt mòn yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske gade byen, SENYÈ a ap vin sòti nan plas Li a. Li va vin desann pou foule wo plas latè yo.

参见章节 复制




Miche 1:3
15 交叉引用  

Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a!


Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l vle.


Senyè a ap pwoteje mòn Siyon an. Men, l'ap pilonnen moun peyi Mowab yo anba pye l, menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt.


Senyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.


Apre sa, Lespri a pran m', li leve m' anlè. Epi m'tande vwa yon foultitid moun dèyè mwen k'ap di: Beniswa Letènèl! Li fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote li rete a!.


Se Bondye ki te fè mòn yo. Se li menm ki te kreye van yo. Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li. Li fè lajounen sòti nan lannwit. L'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, men jan yo rele l: Sènyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.


Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, ap annik manyen latè, latè ap pran tranble. Tout moun ki rete sou latè ap nan lapenn. Latè ap moute, l'ap gonfle, epi l'ap bese tankou dlo larivyè Nil.


Se Senyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m tankou pye kabrit. Li fè m mache sou mòn yo, san m pa tonbe. Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.


Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki sòti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid.


Li fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a. Li fè yo manje grenn bwa nan savann. Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè. Pye oliv yo donnen nan wòch karyann.


Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Senyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L'ap mache devan nou pou l fè nou genyen batay la. Lènmi nou yo va vin mande padon nan pye nou. Men nou menm, n'a kraze sa ki fè logèy yo a anba pye nou.


跟着我们:

广告


广告