Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 1:2 - 1998 Haïtienne

2 Koute byen, nou menm tout nasyon yo. Pare zòrèy nou, nou tout k'ap viv sou latè. Senyè a, Bondye a, pral akize nou. Tande! Li rete nan tanp ki apa pou li a, l'ap pale.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.

参见章节 复制




Miche 1:2
33 交叉引用  

Lè sa a, Miche di: — Si ou tounen sòti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Senyè a pat pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: — Nou tout pèp yo, koute sa m di la a wi!


Lè sa a, Miche di: — Si ou tounen sòti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Senyè a pat pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: — Nou tout pèp yo, koute sa m di la a wi.


Senyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fòtèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.


(1b) Se pou Senyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Senyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l.


Tande m non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m non, lè mwen leve de bra m nan direksyon kay ki apa pou ou a.


(1b) Bondye Toupisan an, Letènèl la, pale. Li konvoke tout moun ki sou latè, Depi moun sou bò solèy leve jouk moun sou bò solèy kouche, Li fè yo tout rasanble.


Si m te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l, se pou mwen yo ye.


Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.


Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale. M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande.


Senyè a di konsa: — Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Senyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.


Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an.


Senyè a, Bondye a, ap pote m sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m anyen. Mwen sere dan m, mwen mare kè m pou m soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m wont.


O latè, latè, latè! Koute sa Senyè a di:


Se sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesay mwen pat mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m. Se Senyè a menm ki di sa.


Yo di Jeremi konsa: — Si nou pa fè tou sa Senyè a, Bondye ou la, va di ou pou nou fè, se pou Senyè a kanpe pou l akize nou. Lè sa a, la gen rezon l nan pla men l.


Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.


Lè m santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Senyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan Tanp ki apa ou a, ou tande m.


Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.


Senyè a prezan nan Tanp li mete apa pou li a. Se pou tout latè nèt fè silans devan li.


Epi n'ap mande poukisa? Se paske Senyè a wè sa ou fè fi ou marye ak li depi ou jenn lan. Ou te pase kontra avè li, ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe li pou madanm ou pou tout tan.


Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — M'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m krentif.


Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral sòti nan bouch mwen!


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. — Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo lamàn ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pèsonn pa konnen esèpte moun ki resevwa l la.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan pyebwa ki bay lavi a, pyebwa ki nan mitan jaden Bondye a.


— Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.


Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: — Nou pran Senyè a sèvi nou temwen! N'ap fè tou sa ou sot di la a.


跟着我们:

广告


广告