Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Miche 1:1 - 1998 Haïtienne

1 Men mesay Senyè a te bay Miche, moun lavil Morechèt, sou reny Jotam, Akaz ak Ezekyas ki te wa nan peyi jida. Men vizyon ki gen rapò ak Samari ak Jerizalèm Senyè a te fè Miche wè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.

参见章节 复制




Miche 1:1
27 交叉引用  

Wa Peka, pitit Remalya, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Jotam, pitit Ozyas, moute wa nan peyi Jida.


Senyè a pini wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pat kite l gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a.


Wa Peka, pitit Remalya, te gentan gen disetan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Akaz, pitit Jotam, moute wa peyi Jida.


Oze, pitit Ela, t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Ezekyas, pitit gason Akaz, moute wa nan peyi Jida.


Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pat fè sa ki dwat devan Senyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l.


Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l te rele Abija. Se te pitit fi Zakari.


Men vizyon sou peyi Jida ak lavil Jerizalèm Bondye te fè Ezayi, pitit amòt, wè sou reny wa Ozyas, Jotam, Akaz epi Ezekyas nan peyi Jida a.


Senyè a di konsa: — Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Senyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.


Lè sa a, se wa Akaz, pitit gason Jotam, pitit pitit gason Ozyas, ki t'ap gouvènen nan peyi Jida. Rezin, wa peyi Siri, ak Pekak, pitit Remalya, wa peyi Izrayèl, moute al atake lavil Jerizalèm. Men, yo pat ka pran l.


Lavil Samari se kapital peyi Izrayèl la. Pekak, pitit gason Remalya a, se wa lavil Samari. Si nou pa kenbe konfyans nou fèm nan Bondye, nou menm tou nou p'ap chape.


— Sou reny Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesay sa a: Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.


Men mesaj Senyè a te bay Oze, pitit Beri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, Jewoboram te wa nan peyi Izrayèl.


Si moun Izrayèl yo vle vire do ban mwen, mwen ta swete moun Jida yo pa fè menm jan an tou! Pa ale lavil Gilgal! Pa moute Betavenn pou fè sèvis! Pa pran non Bondye vivan an pou fè sèman!


Moun Izrayèl yo bliye moun ki te fè yo a. Y'ap bati gwo palè. Moun Jida yo menm ap bati gwo lavil ak miray ranpa pou pwoteje yo. Men mwen menm, m'ap voye dife nan lavil yo. Dife a ap boule tout palè yo ak tout gwo kay yo.


Men mesay Amòs, yonn nan gadò mouton lavil Tekoa a, te bay. Se bagay Bondye te fè l konnen sou pèp Izrayèl la, dezan anvan tranblemanntè a. Lè sa a, se Ozyas ki te wa nan peyi Jida, epi se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.


Sa pral rèd nèt pou moun k'ap mennen lavi dous nan peyi Siyon an, pou moun sou mòn Samari ki kwè pa gen danje pou yo! Yo pase pou lelit nan peyi Izrayèl, premye peyi sou latè. Se bò kote yo pèp la ap kouri vini. Yo di:


Tou sa ap rive paske pèp la fè bagay ki mal, paske pitit Jakòb yo fè sa yo pa te dwe fè. Ki moun ki responsab sa pèp Izrayèl la fè a? Se pa Samari, kapital peyi a! Ki moun k'ap fè idolatri nan peyi Jida a? Se pa moun lavil Jerizalèm yo!


Wi, koute m non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l di sa nou vle.


Men mesay Bondye te bay pwofèt Abakik nan yon vizyon.


Paske, pwofèt yo pat janm bay mesay paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye.


跟着我们:

广告


广告