Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 9:9 - 1998 Haïtienne

9 Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi pale sevè avèk yo: — Pa di pèsonn sa nou sot wè la a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve sòti vivan pami mò yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Pandan Jezi ak disip yo t ap desann mòn nan, li di yo pou yo pa di pèsonn moun sa yo sot wè a jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.

参见章节 复制




Mak 9:9
15 交叉引用  

Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l fè diskou nan lari.


Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè.


Depi lè sa a, Jezi konmanse pale aklè ak disip li yo, li di: — Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò.


Yo di li: — Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve sòti vivan.


Apre sa, Jezi di l: — Piga ou di pèsonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, w'a bay tout moun prèv ou geri.


Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pat kite pèsonn konn sa. Apre sa, li di yo: — Bay ti fi a manje.


Jezi te mande yo tout pou yo pat di pèsonn sa. Men plis li te defann yo pale se plis yo te mache pale bagay la.


Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt: — Sa sa vle di menm: leve sòti vivan pami mò yo?


Menm lè a, disip yo vire tèt yo, yo gade adwat, yo gade agòch, men yo pa wè pèsonn pase. Jezi ki te pou kont li avèk yo.


Li di yo: — Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l sòti vivan nan lanmò.


Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankò. Disip yo te fèmen bouch yo sou sa. Lè sa a, yo pat rakonte pèsonn sa yo te wè.


跟着我们:

广告


广告