Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 9:7 - 1998 Haïtienne

7 Yon nyaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun sòti nan nyaj la, li di: — Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Apre sa, yon nwaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Konsa, yon nwaj te fòme ki te vin mete yo nan fon lonbraj, e yon vwa te vin sòti nan nwaj la, “Sa se Fis Mwen; koute Li!”

参见章节 复制




Mak 9:7
41 交叉引用  

Wa a di: — M'ap fè nou konnen sa Senyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.


Li nan mitan yon gwo nway tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.


Pouvwa Senyè a desann sou mòn Sinayi a. Nyaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Senyè a rete nan nyaj la, li rele Moyiz.


Nyaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Senyè a plen tant lan.


Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nyaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l ba li.


Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulyeya si Bondye ap vin delivre li.


Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: — Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.


Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: — Sa a se pitit mwen, m' renmen li anpil. Li ban m' anpil anpil kè kontan.


Li tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki di: — Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.


Li pat konnen sa pou l te di tèlman yo te pè.


Menm lè a, disip yo vire tèt yo, yo gade adwat, yo gade agòch, men yo pa wè pèsonn pase. Jezi ki te pou kont li avèk yo.


Sentespri a desann sou li sou fòm yon pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: — Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.


Jan di yo ankò: — Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.


Lè sa a, Natanayèl di li: — Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!


Papa-o, fè wè pouvwa ou non! Lè sa a, yon vwa sòti nan syèl la, li di: — Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l ankò.


Jwif yo reponn li: — Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.


Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.


Poutèt pawòl sa a, se pi rèd atò jwif yo t'ap chache touye li. Paske li pa te sèlman vyole saba, men li te di Bondye se papa li. Konsa li fè tèt li egal ak Bondye.


Papa ki voye m lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l, ni nou pa janm wè figi li.


Kounyeya nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a.


Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè l, li di l konsa: — Eske ou kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a?


Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nyaj vin bouche l devan je yo.


Se menm Moyiz sa a ki te di pèp Izrayèl la: Bondye gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan: se va yonn nan frè nou yo.


Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letyopi a di li: — Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m resevwa batèm?


Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l te leve sòti vivan nan lanmò.


Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou.


Mwen te la lè Bondye Papa a te ba li respè ak lwanj, lè nan mitan tout pouvwa a, vwa Bondye te pale, li di konsa: Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m kontan anpil.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.


Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nyaj yo! Tout moun pral wè l, menm moun ki te pèse l yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.


跟着我们:

广告


广告