Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 9:12 - 1998 Haïtienne

12 Li reponn yo: — Se vre wi. Eli gen pou l vin anvan pou l mete tout bagay nan lòd. Men, ki jan yo te fè ekri tou: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l soufri anpil, yo p'ap manke pase l nan betiz?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan pou li mete tout bagay nan plas yo! Men poukisa Bib la di Piti lòm nan gen pou l soufri anpil, epi pèp la gen pou rejte li?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?

参见章节 复制




Mak 9:12
30 交叉引用  

Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!


Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Senyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: W'a va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Senyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.


Mwen pare do m bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m lè y'ap joure m, lè y'ap krache sou mwen.


Menm jan anpil moun te pran sezisman lè yo te wè l, sitèlman li te defigire, sitèlman figi l pat sanble menm ak figi moun,


Men, Senyè a di m konsa: — Al bay lajan an pou yo mete l nan kès Tanp lan. Konsa, mwen pran trant pyès an ajan yo, bèl pri yo te wè pou yo te ban m pou travay mwen te fè a, mwen mete yo nan kès Tanp lan.


Senyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: — Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m yo, moun k'ap travay avè m lan. Touye l pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.


Li gen pou li fè papa ak pitit rebyen ankò. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.


Depi lè sa a, Jezi konmanse pale aklè ak disip li yo, li di: — Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò.


Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt.


Li di yo: — Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo.


Men mwen menm, mwen di nou: Eli vini deja, yo fè sa yo te vle avè l, jan sa te ekri sou li a.


paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: — Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò.


— Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, w'a pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li.


Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li. Epi yo voye l tounen bay Pilat.


Yonn nan kriminèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: — Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou.


Lè sa a, moun ki te reyini bò kote Jezi yo pran mande li: — Mèt, eske se kounyeya ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l ankò?


Se Jezi menm yo t'ap pale nan pawòl sa a ki ekri nan liv la: Wòch nou te voye jete lè nou t'ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.


跟着我们:

广告


广告