Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 9:1 - 1998 Haïtienne

1 Li di yo ankò: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la kounyeya gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè Bondye vin pran gouvènman an nan men l avèk pouvwa.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apre sa Jezi di: “Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Jésus te di yo: “Anverite Mwen di nou, gen kèk moun nan sila ki kanpe la yo ki p ap goute lanmò jouk lè yo fin wè wayòm Bondye a rive avèk pouvwa.”

参见章节 复制




Mak 9:1
13 交叉引用  

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la kounyeya, gen ladan yo ki p'ap gentan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k'ap gouvènen.


Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.


— Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, l'a chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li.


Lè sa a, y'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nyaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.


Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv kounyeya ki p'ap gentan mouri anvan tout bagay sa yo rive.


Li te fè l konnen li pa t'ap mouri san l pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l voye a.


paske, m'ap di nou sa, depi kounyeya mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li.


N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m sou gouvènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fòtèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.


Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la kounyeya, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a.


Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pat di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l konsa: Si m vle li rete vivan jouk lè m gen pou m tounen an, sa sa gade ou?


Okontrè, lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete l pi ba pase zanj yo, pou l te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t'ap fè yo. Kounyeya, poutèt lanmò li te soufri a, Bondye ba li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa.


跟着我们:

广告


广告