Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 8:6 - 1998 Haïtienne

6 Lè sa a, li fè foul la chita. Li pran sèt pen yo. Li rann Bondye gras. Li separe yo epi li bay disip yo distribye bay foul la. Disip yo mache bay tout moun pen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. Apre sa, li pran sèt pen yo epi li remèsye Bondye pou yo. Li kase pen yo epi li bay disip li yo pou yo sèvi foul la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la.

参见章节 复制




Mak 8:6
18 交叉引用  

Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase li, li bay disip epi li di: — Pran, manje. Sa a se kò mwen.


Jezi mande yo ankò: — Lè m te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: — Sèt panyen.


Jezi mande yo: — Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: — Nou gen sèt pen.


Te gen kèk pwason la tou. Jezi rann Bondye gras pou yo, epi li mande disip yo mache distribye bay tout moun.


L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo.


Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l, epi li ba yo li.


Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: — Fè tou sa l di nou fè.


Men, te gen lòt kannòt ki te sòti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Senyè a te di Bondye mèsi a.


Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi.


Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.


Rive n'a rive lavil la, n'a jwenn li anvan l'al manje sou ti mòn lan. Pèp la p'ap manje toutotan li pa rive, paske se li ki pou beni ofrann bèt la anvan. Lè li fini, moun yo envite yo va manje. Prese ale kounyeya pou nou ka jwenn li.


跟着我们:

广告


广告