Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 8:2 - 1998 Haïtienne

2 — Kè m fè m mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, yo fin manje tou sa yo te pote.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 “Kè m fè m mal pou moun yo, yo la avè m depi twa jou epi kounyea, yo pa gen anyen pou yo manje.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje.

参见章节 复制




Mak 8:2
23 交叉引用  

Eli voye je l gade bò kote l, li wè yon ti pen plat tankou sa yo kwit sou chabon dife ak yon krich dlo bò tèt li. Li manje, li bwè. Lèfini, li kouche, li dòmi ankò.


Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.


Senyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.


Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!


Wi, w'a gen pitye pou nou ankò. W'a pran peche nou yo mete anba pye ou. W'a voye yo jete nan fon lanmè!


Lè Jezi desann sòti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l fè l mal pou yo, li pran geri moun malad yo.


Kè Jezi fè l mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.


Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l fè l mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.


Kè Jezi fè l mal, li lonje men l, li manyen nonm lan, li di li: — Wi, mwen vle ou geri.


Men, Jezi pat kite l ale, li di l konsa: — Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou.


Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y'ale yon kote ki pa gen moun.


Lè Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.


Si m voye yo al lakay yo konsa san manje, y'a tonbe feblès nan chemen paske gen ladan yo ki sòti byen lwen.


Anpil fwa menm, move lespri a jete l nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou!


Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. — Mesye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l mal, li kouri al rankontre l, li pase men l nan kou pitit la epi li bo li.


Lè Jezi wè vèv la, kè l fè l mal pou li, li di li: — Pa kriye, tande!


Se konsa, li te fèt pou l te vin tankou frè l yo sou tout pwen, pou l te ka sèvi yo tankou yon granprèt ki gen anpil pitye pou yo, k'ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la.


Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche.


Li toujou gen anpil pasyans ak moun ki pa konnen, ak moun k'ap fè sa yo pat dwe fè, paske li menm poutèt pa l, li fèb tou sou anpil pwen.


跟着我们:

广告


广告