Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 8:12 - 1998 Haïtienne

12 Jezi bay yon gwo soupi nan kè l, li di yo konsa: — Poukisa moun alèkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Jezi fè yon gwo soupi epi li di: “Poukisa nou menm moun sa yo n ap mande mirak kòm siy? M a p di nou verite a: Pa gen yon mirak k ap fèt ki pral pwouve anyen pou nou.”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.”

参见章节 复制




Mak 8:12
15 交叉引用  

Nou pat gade l menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l. Nou pat okipe l, nou pat pran ka l menm.


Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: — Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a.


Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men tou, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l, l'al fè wout li.


Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l sou yo tout: sa te fè l lapenn pou l te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: — Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.


Jezi te sezi wè jan yo pat kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinay la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay.


Apre sa, li leve je l nan syèl la, li bay yon soupi. Li di: — Efata! (Ki vle di: Louvri!)


Apre sa, li vire do l ba yo, li tounen nan kannòt la. Li pati pou lòt bò lanmè a.


Jezi di yo: — Ala jenerasyon san konfyans! Jouk konbe tan nou konprann m'ap rete nan mitan nou ankò? Jouk konbe tan pou mwen sipòte nou ankò? Mennen tibway la ban mwen non.


Lè Jezi rive toupre vil la, dlo koule nan je li pou li,


跟着我们:

广告


广告