Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 8:11 - 1998 Haïtienne

11 Farizyen yo vin rive. Yo tanmen diskite avèk Jezi: yo te vle pran li nan pèlen. Yo mande l pou l fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba li tout pouvwa sa a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Farizyen yo vin kote Jezi epi yo kòmanse poze l kesyon. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.

参见章节 复制




Mak 8:11
27 交叉引用  

Yo leve kont ak Moyiz. Yo di li: — Ban nou dlo pou nou bwè! Moyiz reponn yo: — Poukisa n'ap chache fè kont ak mwen konsa? Poukisa n'ap eksite Senyè a konsa?


Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, Paske pèp Izrayèl la t'ap chache fè kont, yo t'ap eksite Senyè a lè yo t'ap mande: Eske se vre Senyè a nan mitan nou tout bon?


Kounyeya, nou tou wè se awogan yo k'ap viv ak kè kontan. Moun k'ap fè mal yo, se yo ki wè zafè yo ap mache. Yo sonde Bondye pou wè kote li ye ak yo epi anyen pa rive yo.


Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: — Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a.


Kèk farizyen pwoche bò kote Jezi pou yo wè si yo te ka pran l nan pèlen. Yo mande li: — Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?


Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: — Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?


Lè sa a, farizyen yo ale, yo mete tèt yo ansanm pou wè ki jan yo ta ka pran pawòl nan bouch Jezi pou akize li.


Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: — Poukisa n'ap chache pran m nan pèlen konsa, bann ipokrit?


Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kote Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve.) Yo poze Jezi kèsyon sa a:


Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo. Li reponn yo: — Poukisa n'ap chache pran m nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m gade yon bagay.


Kèk direktè lalwa nan gwoup farizyen yo epi ak lòt pechè, yo mande disip Jezi yo: — Poukisa l'ap manje ak pèseptè yo epi ak tout pechè sa yo?


Li mande disip li yo: — Sa n'ap diskite konsa?


Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou li pran Jezi nan pyèj, li di li konsa: — Mèt, kisa m'dwe fè pou m'eritye lavi ki p'ap janm fini an?


Gen lòt ki te vle pran l nan pèlen: yo mande l pou l fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l pouvwa sa a.


Jezi di l konsa: — Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.


Yo di li: — Ki mirak ou fè pou bay prèv dekwa pou nou wè epi pou nou kwè?


Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li?


Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li konmanse ekri atè a.


Lè sa a, Pyè di li: — Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou.


Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri.


Piga nou sonde Senyè a, Bondye nou an, jan nou te fè l bò Masa a.


跟着我们:

广告


广告