Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 7:5 - 1998 Haïtienne

5 Se sa k fè, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo mande Jezi: — Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Men y'ap manje ak men yo tou sal.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Farizyen yo ak direktè Lalwa yo mande Jezi: Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo, okontrè y ap manje ak men yo san lave?”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Pou sa, Farizyen yo ak skrib yo te mande L: “Poukisa disip ou yo pa mache selon tradisyon ansyen yo, men manje pen avèk men ki pa lave?”

参见章节 复制




Mak 7:5
12 交叉引用  

— Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje.


Se konsa nou fè pawòl Bondye yo pase pou anyen ak pawòl pa nou n'ap transmèt yonn bay lòt. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò.


Jezi di yo konsa: — Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli.


Li di yo tou: — Nou byen konnen jan pou nou vire kòmandman Bondye yo voye jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo.


Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo.


Ou pral avèk yo, w'a patisipe ansanm ak yo nan tout sèvis y'ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. W'a fè tout depans pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen tou sa yo t'ap di sou ou a pat vre. Okontrè, ou menm pou tèt pa ou, ou toujou ap obeyi Lalwa Moyiz la.


Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi.


Nan relijyon jwif yo mwen te pi fò pase anpil moun nan ras mwen ki te menm laj avè mwen. Mwen te pi cho pase yo pou defann koutim zansèt nou yo.


M'ap pale konsa ak nou paske m pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun.


Frè m yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Senyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m te moutre nou.


跟着我们:

广告


广告