Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 7:4 - 1998 Haïtienne

4 Lè yo sòti nan mache, sa pat bon nonplis pou yo te manje san yo pat pran yon beny anvan. Yo te gen yon bann lòt koutim konsa ankò yo t'ap swiv. Pa egzanp, yo te gen yon jan pou yo lave chak bagay, yon jan pou gode yo, yon jan pou krich yo, yon jan pou mamit yo, yon jan pou lave menm kabann yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Lè yo sot achte yon bagay nan mache, yo pa manje l si yo pa lave l. Epi gen anpil lòt tradisyon yo obsève, tankou lave gode, po ak veso an kuiv.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Lè yo sòti nan mache, yo pa manje sof ke yo gen tan benyen. Anplis yo gen anpil lòt bagay ke yo konn resevwa kon prensip, tankou lavaj a tas, avèk krich, ak po kwiv yo.)

参见章节 复制




Mak 7:4
15 交叉引用  

Senyè, m'ap lave men m pou m moutre jan m inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,


Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!


Apre sa, Jeremi mete gwo ja plen diven ak gode devan moun Rekab yo. Li di yo: — Bwè diven non!


Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?


— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.


Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou.


Lè Pilat wè li pat kapab fè anyen ankò, paske pèp la te sòti pou l te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l devan tout foul moun yo. Li di yo: — Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.


Jezi di yo konsa: — Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli.


Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe ven trant galon konsa.


De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo.


Nan tout bagay sa yo, se yon kèsyon de sa ki bon pou manje, de sa ki bon pou bwè, de tout kalite seremoni pou yo fè pou lave deyò kò moun. Prensip sa yo vo kichòy jouk lè Bondye vin chanje tout bagay.


Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.


Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.


跟着我们:

广告


广告