Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn. Lè l fin di sa, li di ankò: — Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.
— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. — Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.
— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo lamàn ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pèsonn pa konnen esèpte moun ki resevwa l la.
— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan pyebwa ki bay lavi a, pyebwa ki nan mitan jaden Bondye a.