Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 6:3 - 1998 Haïtienne

3 Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon pou tonbe nan peche.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Prezans Jezi te bay moun yo anpil pwoblèm. Yo t ap di: “Se pa ti bòs chapant la? Se pa pitit Mari a? Se pa frè Jak, Joz, Jida ak Simon an? Apa tout sè l yo ansanm ak nou?”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.

参见章节 复制




Mak 6:3
21 交叉引用  

Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Senyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: W'a va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Senyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.


Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche.


Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l ak frè l yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l.


Te gen kèk fanm la tou. Men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome.


Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,


Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: — Bondye chwazi pitit sa a. L'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li.


Benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche.


Moun yo di l konsa: — Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo anvi wè ou.


Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?


Yo t'ap di: — Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye?


Rive yo rive, yo moute anlè nan chanmòt la. Se te gen Pyè, Jak ak Andre, filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe, Simon, patizan zelòt yo, epi Jid, pitit Jak.


Li fè yo siy ak men l pou yo pa pale, epi l rakonte yo ki jan Bondye te fè l sòti nan prizon an. Li di yo ankò. — Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l sòti, l'al yon lòt kote.


Men nou menm, n'ap preche Kris krisifye sou lakwa a. Pou jwif yo, sa se yon eskandal ki choke yo. Pou sa ki pa jwif yo, se yon foli.


Mwen mande yo: Eske m pa gendwa pou yo ban m manje, pou yo ban m bwè pou travay mwen?


Lè sa a, mwen pat wè okenn nan lòt apòt yo, esèpte Jak, frè Senyè a.


Pwoche vin jwenn Senyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi li.


Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba pwoteksyon Jezikri.


跟着我们:

广告


广告