Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 6:2 - 1998 Haïtienne

2 Lè jou saba a rive, li vini nan sinagòg la anseye anpil bagay. Moun ki t'ap koute li yo te sezi anpil, epi yo t'ap di nan kè yo: — Kote li aprann tout bagay sa yo? Kilès ki ba li tout konesans sa a? Kòman li fè fè tout kalite mirak sa yo?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Lè Jou repo Jwif yo rive, Jezi kòmanse anseye nan sinagòg la, anpil moun te sezi lè yo te tande l. Yo di: “Ki kote li jwenn tout ansèyman sa yo? Ki kote li jwenn kalite sajès sa a? Ki kote li jwenn pouvwa pou fè tout mirak sa yo?”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?”

参见章节 复制




Mak 6:2
11 交叉引用  

Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.


— Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo.


Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.


Jezi kite kote l te ye a. Lale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l. Li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l te toujou konn fè a.


Tout moun ki t'ap tande l te sezi pou jan l te gen lespri, ak jan l t'ap reponn yo.


Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj pou li.


Yo t'ap di: — Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye?


Jwif yo pa te manke sezi. Yo t'ap di: — Ki kote nonm sa a aprann tout bagay sa yo? Epoutan li pa fè gwo etid.


跟着我们:

广告


广告