8 (Li te pale konsa, paske Jezi te pase l lòd sa a: Move lespri, sòti sou nonm lan.)
8 Paske Li t ap di a li menm: “Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!”
Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: — Pe la! Sòti sou nonm sa a.
Li pran rele byen fò, li di l konsa: — Kisa m gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m soufri.
Lè sa a, Jezi mande li: — Ki jan ou rele? Li reponn li: — Yo rele m Rejiman, paske nou anpil.
Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: — Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, sòti sou fi a. Menm lè a, lespri a sòti sou li.