Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 5:2 - 1998 Haïtienne

2 Jezi desann sòti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm sòti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li.

参见章节 复制




Mak 5:2
13 交叉引用  

Yo pase nwit yo nan simityè ak nan twou wòch ap fè sèvis pou mò. Y'ap manje kochon ak lòt manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.


Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele:


Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale.


Jezi te pale konsa paske yo t'ap di: — Li gen yon move lespri sou li.


Jezi mande disip yo mete yon kannòt apa pou li dekwa pou foul la pa kwense li twòp.


Jezi rekòmanse preche bò lanmè Galile ankò. Foul moun ki te rasanble bò kote li te sitèlman anpil, li te blije moute chita sou yon kannòt nan lanmè a. Foul la menm te rete atè sou rivaj la.


Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo.


Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann sòti nan kannòt la, yon foul moun gentan sanble bò kote li. Antan li sou rivay la,


Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pèsonn pat kapab mare l, pa menm avèk chenn.


(Li te pale konsa, paske Jezi te pase l lòd sa a: Move lespri, sòti sou nonm lan.)


Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l, li lage kò l nan pye Jezi.


Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l: nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pat janm vle mete rad sou li, ni li pat vle rete nan okenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv.


Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini, movezespri a fese li atè souke li byen souke. Men Jezi te pale byen rèd ak movezespri a. Li geri pitit la epi li renmèt li bay papa li.


跟着我们:

广告


广告