Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 4:41 - 1998 Haïtienne

41 Men disip yo te pè anpil anpil. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun li ye menm pou menm van ak lanmè obeyi li a?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”

参见章节 复制




Mak 4:41
17 交叉引用  

Mwen di l: Men limit ou. Pa depase l. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.


(8) Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.


Nan kontra mwen te pase ak yo a, mwen te pwomèt mwen t'ap ba yo lavi ak kè poze. Mwen ba yo li vre. Yo menm, se pou yo te gen krentif pou mwen. Yo te gen krentif pou mwen vre, yo te respekte m'.


Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase.


Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: — Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?


Apre sa, li di yo: — Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?


Jezi ak disip li yo rive lòt bò lanmè Galile a, nan peyi Jerazenyen yo.


Fanm lan menm ki te konnen sa k te rive l t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l nan pye Jezi. Li di l tout verite a.


Moun yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di: — Nonm sa a fè tout afè l byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.


Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: — Ki pawòl sa a, mezanmi? Ak otorite, ak pouvwa, li pase movezespri yo lòd sevè, epi yo soti ale vre.


Epi Jezi di yo: — Kote konfyans nou ye? Men yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, epi yo obeyi li.


Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l plezi, avèk respè, avèk krentif.


Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.


Gen krentif pou Senyè a. Sèvi l tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou!


跟着我们:

广告


广告