Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 4:3 - 1998 Haïtienne

3 — Koute! Yon nonm sòti pou l'al simen grenn nan jaden li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 “Tande sa, Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Koute! Yon moun ki t ap simen te ale deyò pou simen grenn.

参见章节 复制




Mak 4:3
29 交叉引用  

(12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a.


(11) Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: — Ou mèt bliye pèp kote ou sòti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.


Kounyeya, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou.


Kounyeya, pitit mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen. Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m di yo fè!


Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.


Koute sa m'ap di nou, bann tèt di, nou menm ki pa sòti pou fè sa ki dwat:


Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen:


Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li.


Lè bon grenn lan leve, yo tanmen devlope pote fwi. Lè sa a, move zèb yo parèt tou.


Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l te fè yo konprann anpil bagay. Li t'ap di yo konsa: — Ala, yon moun sòti pou l ale simen grenn nan jaden l.


Nonm k'ap simen an, se pawòl Bondye a l'ap simen.


Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa:


Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.


Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo.


Apre sa, Jezi di yo konsa: — Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.


Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: — Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m pral di nou la a.


Apre sa, Moyiz di pèp la: — Kounyeya, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Senyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.


Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l yo.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. — Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan pyebwa ki bay lavi a, pyebwa ki nan mitan jaden Bondye a.


跟着我们:

广告


广告