Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 4:11 - 1998 Haïtienne

11 Li di yo: — Nou menm yo bay sekrè Peyi kote Bondye Wa a. Men moun ki deyò yo, se sèl parabòl la yo tande.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.

参见章节 复制




Mak 4:11
20 交叉引用  

Lè sa a, Jezi di: — O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.


— Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou.


Lè sa a, Jezi di li: — Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m ki nan syèl la ki fè sa pou ou.


Jezi rele yo, li di yo an parabòl: — Ki jan Satan fè ap chase Satan?


Apre Jezi te fin kite gwo foul moun yo dèyè, moun ki te toupre l yo ansanm ak douz disip li yo di li: — Esplike nou parabòl sa a non.


Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa:


Li reponn yo: — Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l an parabòl. Konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann.


Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?


Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.


Li fè nou konnen plan travay li te kenbe sekrè nan kè l, plan travay li te gen lide fè depi lontan an. Se plan sa a li vin reyalize nan Kris la.


Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase.


Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p'ap rete sou kont pèsonn.


Fòk menm moun deyò pale byen pou li dekwa pou yo pa pase li nan betiz epi pou li pa tonbe anba pèlen satan.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.


跟着我们:

广告


广告