Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 3:9 - 1998 Haïtienne

9 Jezi mande disip yo mete yon kannòt apa pou li dekwa pou foul la pa kwense li twòp.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp.

参见章节 复制




Mak 3:9
9 交叉引用  

Apre sa, Jezi voye foul moun yo ale, li menm li moute nan kannòt la, l'ale nan yon peyi yo rele Magadan.


Jezi rekòmanse preche bò lanmè Galile ankò. Foul moun ki te rasanble bò kote li te sitèlman anpil, li te blije moute chita sou yon kannòt nan lanmè a. Foul la menm te rete atè sou rivaj la.


Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo.


Jezi desann sòti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm sòti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi.


Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki sòti nan li. Li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: — Ki moun ki manyen rad mwen an, en?


Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y'ale yon kote ki pa gen moun.


Yon jou, Jezi te bò letan Jenezarèt. Yon foul moun t'ap kwense li toupatou pou tande pawòl Bondye.


Jezi moute nan yonn nan kannòt yo ki te pou Simon. Li mande l pou l vanse yon ti kras nan fon. Antan Jezi chita nan kannòt la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.


Jezi te vin konnen yo t'ap chache fè mete men sou li pou fè li wa. Li chape kò li refije sou ti mòn lan poukont li fwa sa a.


跟着我们:

广告


广告