Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 3:8 - 1998 Haïtienne

8 moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazinay lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l t'ap fè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Te gen moun ki sòti nan Jerizalèm, nan Idime, lòt bò rivyè Jouden an ak nan zòn Tir ak Sidon ki t ap swiv li tou. Se te you gwo foul moun. Yo te vin wè Jezi paske yo te tande sa li t ap fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li.

参见章节 复制




Mak 3:8
18 交叉引用  

(13) Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.


Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etyopi, se Jerizalèm yo fèt.


Nan syèl la, nepe Senyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l pini moun mwen menm, Senyè a, mwen te kondannen pou mouri.


menm jan nou te kontan wè peyi moun Izrayèl yo, peyi moun ki rele m pa m yo, tounen yon dezè. Tout mòn Seyi yo, wi, tout peyi Edon an, pral tounen dezè. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Senyè a.


Men sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, di ankò: M'ap move anpil, m'ap denonse lòt nasyon ki sou fontyè nou yo. M'ap denonse tout moun nan peyi Edon an tou. Lè yo t'ap pran peyi mwen an pou yo te piye l nèt ale a, yo pat manke kontan, yo pat manke pase nou nan rizib.


— Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta mete rad sak sou yo. Yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye.


Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dekapòl, moun Jerizalèm, moun Jide ak moun peyi lòt bò larivyè Jouden.


Jezi kite kote li te ye a, l'ale nan zòn ki nan vwazinay lavil Tir la. L antre nan yon kay, li pat vle pèsonn konnen li te la. Men, li pat kapab rete kache.


Jezi kite zòn lavil Tir la. Li pase lavil Sidon, li travèse nan mitan zòn Dekapòl. Li tounen lòt bò lanmè Galile.


Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te sòti toupatou. Te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanme a. Yo te vin tande l, yo t'ap mande l geri malad yo tou.


Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bòne nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid.


Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fontyè peyi Edon an: KabSenyèl, Edè, Jagou,


跟着我们:

广告


广告