Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 3:7 - 1998 Haïtienne

7 Jezi menm, li soti ak disip li yo, l' ale bò lanmè Galile. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo,

参见章节 复制




Mak 3:7
20 交叉引用  

Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gentan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.


Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li. Li geri tout moun malad yo.


Men, li te pale sevè ak yo pou yo pat di ki moun li te ye.


Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dekapòl, moun Jerizalèm, moun Jide ak moun peyi lòt bò larivyè Jouden.


Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.


Men nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa te ka antre nan okenn lòt vil san moun pa wè li. Li te pito rete apa poukont li kote ki pa gen moun. Men moun te soti toupatou vin jwenn li.


Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo te manje.


Jezi rekòmanse preche bò lanmè Galile ankò. Foul moun ki te rasanble bò kote li te sitèlman anpil, li te blije moute chita sou yon kannòt nan lanmè a. Foul la menm te rete atè sou rivaj la.


Men, yo kenbe la avè l, yo di: — L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li konmanse travay sa a depi nan peyi Galile, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.


Lè sa a, Jezi moute sou yon ti mòn pou l lapriyè. Li pase tout nwit lan ap lapriyè.


Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te sòti toupatou. Te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanme a. Yo te vin tande l, yo t'ap mande l geri malad yo tou.


Gen lòt ki t'ap di: — Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: — Men, Kris la pa ka sòti nan peyi Galile.


Yo reponn li: — Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, w'a wè pa gen pwofèt ki janm sòti nan peyi Galile. [


Lè solèy fin kouche, frè yo fè Pòl ak Silas pati pou lavil Bere. Lè yo rive la, y'al nan sinagòg jwif yo.


Lè frè yo wè sa, yo fè Pòl pati ale jouk bò lanmè a. Men, Silas ak Timote te rete Bere.


Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat-Aba ki rele kounyeya Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.


Yo pran twa lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Nèftali a ba yo tou. Se te lavil Kadès nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dò, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bèt yo.


跟着我们:

广告


广告