Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 3:5 - 1998 Haïtienne

5 Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l sou yo tout: sa te fè l lapenn pou l te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: — Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.

参见章节 复制




Mak 3:5
29 交叉引用  

Kè Senyè a vin tris anpil anpil. Sa te fè li regrèt deske li te fè moun.


Wa Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa: — Tanpri, lapriyè Senyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l pou l geri men m. Pwofèt la lapriyè Senyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an.


Mwen te fache anpil poutèt sa. Mwen pran tout mèb ki te lakay Tobija yo, mwen jete yo deyò nan lari.


Pandan karantan, ras moun sa yo ban m degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.


Lè sa a, li di nonm lan: — Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la.


Epi li di moun ki te la yo: — Kisa moun gen lalwa fè jou saba? Sa ki byen osinon sa ki mal? Sove lavi yon moun osinon kite li mouri? Men okenn moun pa louvri bouch yo di krik.


Jezi reponn li: — Ala nou ipokrit! Jou saba a, nou tout nou lage bèf nou ak bourik nou mennen yo al bwè, pa vre?


Lè Jezi wè yo, li di: — Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri.


Apre sa, li pwonmennen je l sou yo tout, li di nonm lan: — Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an geri.


Li di l konsa: — Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l tounen, li te ka wè nan tou de je l yo.


Frè m yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre.


Men, yo pat ka konprann anyen. Jouk kounyeya, lè y'ap li liv ansyen kontra yo, vwal la toujou la sou lespri yo. Lè yon moun mete konfyans yo nan Kris la, se lè sa a vwal la disparèt.


Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di.


Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.


Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.


Se sa k fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m yo.


Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.


Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l, yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan,


Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: — Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou.


Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Senyè a. Senyè a pat gen kè pou l wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.


Li leve sòti bò tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyèm jou fèt lalin nouvèl la. Sa te fè l lapenn anpil pou David, paske papa l te pale David mal.


跟着我们:

广告


广告