Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 3:2 - 1998 Haïtienne

2 Moun ki te la yo t'ap veye pou wè si Jezi t'ap geri nonm lan jou Saba a pou yo te ka akize li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou repo a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.

参见章节 复制




Mak 3:2
12 交叉引用  

Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l touye l.


Mwen tande tout moun ap blame mwen. Mwen soti pè jan y'ap pale!! Y'ap di: Bon! Annou denonse li bay otorite yo! Ata pi bon zanmi m' yo ap tann konsa pou mwen fè yon fopa. Y'ap di: nou ka pran pawòl nan bouch li pou nou antrave li. Lè sa a, n'a met men sou, n'a tire revanj nou.


Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pat ka jwenn anyen pou yo repwoche l sitèlman Danyèl te yon nom serye nan tou sa l'ap fè. Li pat pote okenn neglijans ni pat gen okenn mank nan travay li.


Moun ki te la yo t'ap chache okazyon pou akize Jezi. Se konsa yo mande li: — Eske lalwa nou an otorize geri moun jou saba?


Jezi di nonm men pòk la: — Leve vin kanpe nan mitan.


Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l manje. Moun ki te la yo t'ap veye li.


Yo pran veye Jezi. Yo voye espyon dèyè li. Espyon yo pran pòz moun debyen yo, pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li. Konsa, yo ta kapab lage l nan men gouvènè a ki te gen pouvwa ak tout otorite.


Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li.


Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li konmanse ekri atè a.


Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: — Nonm ki fè sa a pa ka sòti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: — Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo.


跟着我们:

广告


广告